Anfas listwa nou se yon ekspozisyon foto mare avèk yon seri chita-pale kominotè baze sou foto Danyèl Morel, yon gwo fotograf ki pran plizyè pri deja.

Pou plis pase 20 lane, Morel t ap pran foto peyi natif natal li. Li pran imaj lakilti, listwa, pèp. Pa gen okenn foto-journalis ki kouvri tout prezidan, koudeta, seremoni, pelerinaj, manifestasyon, masak, siklon ak rekolt Morel gen tan kouvri.

Pandan 20 lane, foto Morel yo parèt sou premye paj pilzyè journal atravè lemonn. Sepandan, yo preske pa janm parèt an Ayiti. Sijè yo – ki vle di, pèp ayisyen – pa janm gen chans gade yo. Lè foto yo te parèt nan jounal oswa sit èntenèt, petèt yo te bay yon chòk oswa fè moun tris pou yon ti moman. Men, Morel te toujou poze tèt li yon kesyon: Si ayisyen an Ayiti ak nan lòt peyi te gen yon chans gade yo yon lòt fason... Eske yo ta ka fè moun reflechi epi chita ansanm pou diskite, jan li menm avèk anpil lòt moun panse ta nesesè pou asire lavni peyi a?

Morel, patnè li nan Wozo Pwodiksyon Djenn Rigen, ansanm avèk Djonn Engò ak lòt moun ki travay nan Eksperyans la, pran inspirasyon nan metòd dyalòj patisipatif Eksperyans la. Yo te devlope yon pwojè twa eskpozisyon k ap vwayaje. Anfas listwa nou swete ede ayisyen, ayisyen-ameriken avèk lòt moun ki soti nan peyi ansyen koloni, we tèt pa yo epi we peyi pa yo yon lòt jan.

Yon ti gason kriye pandan l ap karese fre li. Se solda Nasyon Zini ki tire li pandan yon batay avèk manm gang nan kapital la, 15 avril 2005. Nan menm moman an, manm Konsey Sekirite Nasyon Zini t ap chita pale avèk misye medam politisyen yo nan yon otèl liks touprè, nan Petyonvil. (© Daniel Morel/Wozo Productions)

Byenvini ooo Fotograf la ooo Ekspozisyon an oooLiv la oooEkri nou

Se pwogram ameriken “Enstiti pou yon Sosyete Ouvè” (www.soros.org) ki te rann pwojè sa a posib
Pou ki sa?

 

Fotograf la

Ekspozisyon an

Liv la