Danyèl Morel ap pran foto nan peyi natifnatal li depi 25 an. Li te fotograf rezidan pou Laprès Asosye (AP) pandan 13 zan. Pandan tan sa a, li jwenn anpil pri epi foto li te parèt nan kouvèti plizyè jounal atravè lemond. Morel te travay pou anpil jounal ak revi, tou, tankou New York Times, Vanity Fair, Newsweek, Toronto Star, Paris Match ak lòt ankò. Epi se li ki te premye chèf biwo Haitian Times an Ayiti.

Dènyeman, Morel ap travay kòm pwodiktè/direktè nan fim, tou. Li te kolabore sou Unfinished Country (Peyi ki poko fini) pou kanal televizyon edikatif ameriken (PBS), epi sou yon nouvo fim dokimantè sou òkès Septantriyonal, okès ki pi ansyen nan peyi d Ayiti. Epi, l ap pran foto pou New York Times ak Associated Press nan zòn Nouyòk.

Malgre travay li mennen l toupatou sou latè, Morel pa janm bliye jenès li. Li pa janm bliye jan l t ap travay nan boulanjri ak jwe sou Gran Ri, jan l te konn pran woulib nan tren HASCO yo, oswa dekouvri ravin ak rakbwa zòn kapital la. Epi li p ap janm bliye rejim bout fè Franswa Divalye a. Lè l te gen 13 zan, li te temwen pandan solda yo t ap egzekite Lwi Dwen ak Masèl Nima ki te manm Jèn Ayiti.

“Depi lè sa a, mwen te vle travay kòm fotograf. Konsa mwen ta ka dokimante listwa epi denonse sa ki te merite denonse. Gen moun ki konn di, foto mwen yo ‘two negatif.’ Sepandan, se laverite m ap montre, paske petèt si moun yo wè reyalite a avèk pwòp zye pa yo, yo pral fè yon bagay pou chanje sitiyasyon an. Se pou sa nou te rele ekspozisyon an ak ti liv sa a Anfas listwa nou. Mwen swete yo fè èfe.”

Morel rete nan Nou Pals avèk timoun li yo, Seyou, 13, ak Ayana, 12, epi avèk patnè li, Djenn Rigen. Aktyèlman l ap travay sou yon liv ki pral ranmase 20 lane travay li an Ayiti ki rele Zye d'Ayiti.

Byenvini ooo Pou ki sa? ooo Ekspozisyon an ooo Liv la oooEkri nou